Skip to content

Afilyasyon Rezidan Cambridge

Mize a pran anpil plezi pou ofri yon admisyon jeneral gratis pou ManmRezidan Cambridge yo!

W ap viv Cambridge? Enskri gratis nan Afilyasyon Rezidan Cambridge la epi pwofite de admisyon gratis ou a lè oumenm ak fanmi w vin vizite mize a. Tanpri sonje: paj enskripsyon an an Anglè sèlman. Tradiksyon yo disponib nan biwo resepsyon Mize a, kote manm ekip pou Eksperyans Vizitè nou yo pran plezi nan ede.

Kat Afilyasyon Rezidan Cambridge la bay admisyon de adilt pa fwaye, ansanm ak timoun ki genyen mwens pase 18 lane k ap viv nan menm adrès la. Plizyè adilt gendwa enskri nan chak fwaye. Manm Rezidan Cambridge yo pral resevwa tou yon bilten enfòmasyon chak mwa ki gen yon lyen ki mennen nan konvèsasyon echanj dijital la, pwogram enfòmasyon ki pral fèt, pwen enpòtan ekspozisyon, koupon rabè, ak lòt kontni eksitan.