Skip to content

Mons ki nan pwofondè yo: Ant imajinasyon ak syans

Ki jan ou ka desine imaj yon bagay ou te tande pale de li men ou pa janm wè? Ki jan ou ka imajine l an premye?

Sa a se yon pwoblèm ki toumante syantifik yo depi plizyè syèk. Jodi a, nou ap chèche fason pou nou vizyalize twou nwa, vag gravitasyonèl, ak lavi anba lanmè. Sa gen senksan (500) ane, menm jan an tou, moun yo te eseye konprann fenomèn tankou komèt ak tranblemanntè. Yo menm tou yo te chèche konprann bèt misterye, ki pa fin vizib ki te kache anba sifas lanmè a.

Ekspozisyon sa a montre ki jan Ewopeyen yo te vin aprann konnen balèn, soti nan gwo mons sovaj plen ak dan ki ranpli premye imaj lanmè yo rive nan mamifè yo nou konnen jodi a. Se te yon pwosesis syantifik, ki te fasilite gras ak nouvo enfòmasyon ki soti kote maren, syantifik, ak chèchè sou plaj yo; nouvo fason pou anrejistre enfòmasyon sa yo; ak yon mache aktif pou distribye imaj ak konesans.

Rejwenn nou pandan n ap eksplore pwofondè sa yo ki plen ak mons pou nou chèche balèn.